Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: 3 lidè Inyon Ewòp la Prale Kyèv


Europe Ukraine Tensions
Europe Ukraine Tensions

3 lidè Inyon Ewòp la te mete tèt pou Kyèv pandan fòs ris yo t ap bonbade kapital Ikrèn nan ak lòt vil toupre a, nan 3èm semèn depi LaRisi te anvayi peyi a.

Bonbadman ris frape Kyèv bonè maten an, e yon bonm touche yon bilding kote moun rete, e touye 2 moun pou pi piti. Majistra Kyèv la Vitaly Klitschko anonse yon kouvrefe 36 zèd-tan pou vil la apati aswè a.

Premye-minis repiblik Tcheki, Petr Fiala fè konnen li t ap vwayaje pou ale Kyèv jodia ansanm ak Premye-minis peyi Polòy Mateusz Morawiecki ak Premye-minis peyi Sloveni, Janez Jansa, pou reprezante Konsèy Ewopeyen-an nan yon reyinyon ak Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ak Premye-minis Denys Shmyhal.

"Objektif vizit la se pou konfime sipò tout Inyon Ewop la san okenn dout pou dwa granmoun ak endepandans Ikrèn," deklarasyon Fiala.

XS
SM
MD
LG