Accessibility links

Breaking News

Kameramann Fox News Mouri nan Ikrèn


Foto Achiv ke Fox News Channel pibliye de kameraman Pierre Zakrzewski pandan li tap fe repotaj ak koleg li yo nan Kyev, Ikren.
Foto Achiv ke Fox News Channel pibliye de kameraman Pierre Zakrzewski pandan li tap fe repotaj ak koleg li yo nan Kyev, Ikren.

Yon kameraman ki tap travay pou rezo televizyon Ameriken Fox News mouri nan Ikrèn apre machin ke limenm ak yon plizyè lòt jounalis te ye te fè fas ak kout zam.

Se rezo a ki anonse nouvèl la Madi. Nan ensidan sila Pierre Zakrzewski pèdi lavi li jounalis Benjamin Hall blese, e li toujou kouche sou kabann lopital. Machin yo te fè fas ak kout zam nan Horenka, tou pre Kyèv.

Zakrzewski te yon fotograf veteran ki kouvri plizyè konfli nan mond lan tankou Irak, Afghanistan ak La Siri pou Fox.

Suzanne Scott, direktris Fox News Media deklare nan yon mesaj li voye bay anplwaye rezo a ke "pasyon ak talan Zakrzekski antanke jounalis te san parèy."

Misye se dezyèm jounalis Ameriken ki pèdi lavi li nan Ikrèn pandan 2 jou ki pase yo. Gen sineyas ak jounalis dokimantè Brent Renaud ki mouri pandan wikenn nan.

XS
SM
MD
LG