Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Depi lè Lagè a Kòmanse, 3 Jounalis Mouri, Plis Pase 30 Lòt blese


Obit Brent Renaud
Obit Brent Renaud

Loudmyla Denisova, ofisye dwa moun nan palman Ikrenyen an, te anonse Madi ke depi lè militè ris yo anvayi kay vwazen yo Ikrèn, gen omwens 3 jounalis ki pédi lavi yo nan lagè a, epi gen plis pase 30 lòt ki blese nan atak yo.

Madam Denissova te di sou kont Telegram li ke gen"Omwen 35 jounalis ki te soti viktim nan atak yo"gen ladan yo 3 ki te rive pèdi lavi yo.

Brent Renaud ki se yon jounalis ameriken te mouri anba katouch nan yon katye nan nòdwès Kyev Dimanch, Yevgeny Sakoun ki se yon jounalis ikrenyen te mouri nan yon bonbadman nan Kyev e Viktor Doudar ki se yon jounalis ikrenyen tou te mouri pandan nan nan Mykolaiv direksyon sid peyi Ikrèn.

Plizyè lòt jounalis rive soti blese nan atak yo.

XS
SM
MD
LG