Accessibility links

Breaking News

La Risi Ogmante Atak li kont Kyèv pandan Sivil ap Kouri Kite Mariupòl


Yon ponpye mache devan yon bilding rezidansyel ki detwi apre yon bonm sote nan yon katye nan Kyev, Ikren, Madi 15 Mas 2022.
Yon ponpye mache devan yon bilding rezidansyel ki detwi apre yon bonm sote nan yon katye nan Kyev, Ikren, Madi 15 Mas 2022.

La Risi ogmante atak li kont Kyèv, kote yon bilding rezidansyèl ak lòt batiman devaste.

Pandansetan gen sivil nan 2,000 machin ki kouri kite Mariupol gras ak yon koridò imanitè ki se pi gwo evaksyasyon ki fèt juskaprezan, dapre sa responsab yo di, nan vil sa a ki sitye bò lanme.

Sou fwon diplomatik la, yon lòt seri negosyasyon ant La Risi ak Ikren te fèt pa videyo e lidè 3 peyi Inyon Ewopeyen an - pami yo Polòy ki se manm LOTAN e ki a 2 pa Ikrèn - gen entansyon al vizite kapital peyi a ki anba syèj pou montre sipò yo.

XS
SM
MD
LG