Accessibility links

Breaking News

Putin Menase pou l Nasyonalize Tout Konpayi Etranje ki Kite Larisi


Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.

Nan Larisi, otorite yo fè konnen yo pral pran dispozisyon pou yo nasyonalize tout pwopriyete ak avwa konpayi etranje ki fèmen pòt yo e kite peyi a akoz envazyon Ikrèn nan. Desizyon sa a ka koze gwo difikilte ekonomik pou plizyè santèn biznis tandiske li ka sove job plizyè dizen milye travayè ris ke konpayi sa yo te anplwaye.

Apati de lendi 14 mas la, 375 konpayi pou pi piti te anonse yo kòmanse fè malèt yo pou yo kite Larisi, daprè yon lis Lekòl Administrasyon Inivèsite Yale la kenbe. Sou lis sa a ou jwenn, antwòt, konpayi ki deja koupe tout relasyon ak Larisi, menm jan ak sila yo ki deja kanpe tout operasyon nan peyi a avèk espwa yo ta ka retounen pi ta.

Daprè nouvèl ke anpil medya pibliye, plizyè douzèn konpayi oksidantal deja resevwa papye tenbre pakè voye ba yo pou avèti yo ke Leta ka sezi pwopriyete yo -pami yo gen lokal travay yo, enstalasyon yo, biwo yo ak pwopriyete entelektyel yo- si yo pati kite peyi a.

Semèn pase a, pòtpawòl La Mezon Blanch la, Jen Psaki, te avèti Larisi ke li kapab fè fas ak plis anksyon toujou oubyen aksyon legal, si li kontinye ak plan natiralizasyon li a. Psaki te fini pa di:

“Nenpòt ki aksyon ilegal Larisi ta pran pou l sezi pwopriyete konpayi sa yo, pral debouche sou plis sanksyon ekonomik pou Larisi. “

XS
SM
MD
LG