Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la Deklare 1,351 Sòlda li Mouri


Yon solda lame Ikrenyen an enspekte debri sak sanble yon avyon yo desann nan vil Kyev peyi Ikren, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Yon solda lame Ikrenyen an enspekte debri sak sanble yon avyon yo desann nan vil Kyev peyi Ikren, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Larisi rekonèt vandredi ke yo gen 1,351 sòlda yo ki mouri nan atak yo te lanse kay vwazen yo Ikrèn depi kòmansman operasyon militè spesyal yo a. E yo lanse yon pinga bay peyi oksidantal yo ke yo ap fè yon "erè" si yo livre zam bay Kyev.

Mikhail Mizintsev, direktè Sant Nasyonal Ris pou Jesyon Defans la te deklare ke gen apil refijye ki ale nan peyi Larisi. Li di yo te resevwa 419,736 refijye ki soti nan peyi Ikrèn depi kòmansman operasyon militè a.

XS
SM
MD
LG