Accessibility links

Breaking News

Joe Biden "Ap Gen Yon Repons Militè L'oksidan si LaRisi Sèvi ak Zam Chimik nan Ikrèn"


(From left to right) Russian President Vladimir Putin, Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy and U.S. President Joe Biden.
(From left to right) Russian President Vladimir Putin, Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy and U.S. President Joe Biden.

Ap gen yon repons militè loksidan si LaRisi sèvi ak zam chimik nan Ikrèn, se pawòl Prezidan Etazini Joe Biden jedi.

"Sa ta deklannche yon repons solid," se konsa Biden reponn kesyon yon jounalis nan yon konferans pou laprès. "Si w vle mande si l-OTAN ta antre nan Ikrèn, nou ta deside nan moman an ki sa n ap fè."

Prezidan Etazini an deklare tou nan katye jeneral Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (OTAN) yo ta dwe wete LaRisi nan gwoup 20 pi gran ekonomi yo e ke Ikrèn ta dwe gen pèmisyon pou li asiste reyinyon G-20 yo.

Biden konfime ke kesyon an te moute nan reyinyon ak lòt lidè mondyal yo jedi pandan yo t ap make yon mwa depi LaRisi te anvayi Ikrèn.

Lè jounalis te mande si Ikrèn dwe sede teritwa pou l ka jwenn yon sese-l-fe, Biden te reponn, "Mwen pa kwè yo pwal oblije fè sa," men se Kyèv ki pou fè jijman sou sa.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG