Accessibility links

Breaking News

La Risi Atake Sid ak Es Ikrèn


Yon twou nan lari apre yon atak ak misil Ris. Wout sa a sitye devan Otel de Vil la nan Kramatorsk, es Ikren, Samdi 16 Jiye, 2022.
Yon twou nan lari apre yon atak ak misil Ris. Wout sa a sitye devan Otel de Vil la nan Kramatorsk, es Ikren, Samdi 16 Jiye, 2022.

Misil Ris frape enstalasyon endistriyèl nan yon vil etratejik nan sid Ikrèn.

Majistra Mykolaiv di misil yo frape Dimanch yon enstalasyon endistriyèl ak yon enstalasyon enfrastrikti nan sant kle kote yo bati bato yo.

Poko gen okenn enfomasyon sou bilan viktim yo.

Mykolaiv fè fas ak atak ak misil Ris anpil fwa pandan semèn ki sot pase yo, nan moman La Risi ap eseye adousi defans Ikrenyen yo.

Yon lot kote Dimanch, yo te fè fineray yo tifi 4 an ki mouri semèn pase a nan yon atak ak misil Ris nan rejyon santral Ikrèn.

Liza, yon timoun ki te gen sendwom Down nan, tapral wè yon terapis ak manman li lè li te mouri nan Vinnytsia.

Omwens 24 moun mouri nan atak sa a e manman li te pami plis pase 200 moun ki tel blese.

XS
SM
MD
LG