Accessibility links

Breaking News

Kèk Evènman Kite Make Semèn Nan


Collages top international News of the Week
Collages top international News of the Week

Apeprè 40 Peyi Mande Larisi Mete Fen nan Lagè a

40 peyi ki gen ladan Etazini, peyi manm Inyon Ewopeyèn yo, Wayòm Ini ak plizyè eta Azyatik te mande Larisi Mèkredi nan yon deklarasyon yo te ekri ansanm pou sipliye Larisi pou "sispann imedyatman operasyon militè li a nan Ikrèn", epi sipòte apwòch Kyev pran nan Tribinal Entènasyonal la.

Plizyè Ameriken Jwenn Arestasyon yo nan Venezyela

Depatman Deta di ke 3 Ameriken jwenn arestasyon nan Venezyela paske yo te antre ilegalman nan peyi a, sa ki te mete ajou a 11, kantite sitwayen ameriken ki jwenn arestasyon nan peyi a nan dènye mwa sa yo.

Bolton Admèt li te Planifye Tantativ Kou d'Eta nan peyi Etranje

John Bolton, yon ansyen anbasade Ameriken nan Nasyonzini ak ansyen konseye Lamezonblanch sou sekirite nasyonal deklare Madi li te ede planifye tantativ kou deta nan peyi etranje. Misye fe deklarasyon an nan yon entevyou ak chen televizyon CNN.

Ivana Trump, Premye Madanm Ex-Prezidan Etazini an, Mouri

Fanmi Trump la anonse ke premye madanm ex-prezidan an, Ivana Trump mouri nan vil Nouyòk.Trump pibliye yon mesaj sou rezo sosyal Jedi kote li di "mwen tris anpil pou'm enfòme tout moun ki te renmen'l, e gen anpil, ke Ivana Trump mouri."

Sri Lanka: Prezidan an Remèt Demisyon li, Manifestan yo Kite Bilding Gouvènman yo

Manifestan yo te pati kite bilding gouvènman an Jedi nan Sri Lanka apre yo te okipe yo epi mande pou ni prezidan ni premye minis peyi a remèt demisyon yo.

Paris: Plizyè Peyi Pwomèt Fon Lajan pou Ikrèn, ak Kowòdinasyon Ankèt sou Krimdegè

Lèzetazini pote kole ak yon afè de 45 peyi ki mete yo dakò pou yo kowòdone divès ankèt sou swadizan krimdegè Larisi ta komèt nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG