Accessibility links

Breaking News

Ivana Trump, Premye Madanm Ex-Prezidan Etazini an, Mouri


Foto Achiv: Ivana Trump poze pou yon foto nan vil Nouyok, 7 Sept. 2007.
Foto Achiv: Ivana Trump poze pou yon foto nan vil Nouyok, 7 Sept. 2007.

Fanmi Trump la anonse ke premye madanm ex-prezidan an, Ivana Trump mouri nan vil Nouyòk.

Trump pibliye yon mesaj sou rezo sosyal Jedi kote li di "mwen tris anpil pou'm enfòme tout moun ki te renmen'l, e gen anpil, ke Ivana Trump mouri."

Trump yo te yon koup pwisan e yo te dominen repòtaj medya yo nan ane 1980 yo ak 1990 yo anvan divòs yo ki te chaje ak pawòl piman bouk te mete fen nan sa. Donald Trump te divòse ak Ivana an apre li te rankontre Marla Maples, ki te fè yon pitit pou li epi marye avè'l apre divòs li.

Sepandan nan ane ki te vinn apre yo, Ivana Trump te fè zanmi ak ex-mari li.

An 2017, li te ekri nan liv li ke li te pale ak misye yon fwa pa semèn.

XS
SM
MD
LG