Accessibility links

Breaking News

Elon Musk:'Li lè Pou Donald Trump Bat Zèl li'


TWITTER-M&A/MUSK-TRUMP
TWITTER-M&A/MUSK-TRUMP

Elon Musk te deklare Lendi ke" li lè pou Donald Trump bat zèl li", li fè deklarasyon sa yo kèk jou apre ansyen Prezidan Ameriken an te pase milyadè a nan betiz nan yon rasanbleman politik ke li te genyen.

Musk te di sou Twitter: "Mwen pa rayi nonm sa a, men li lè pou Trump bat zèl li."

"Demokrat yo ta dwe tou anile atak yo - pinga yo kite ke sèl fason pou Trump a siviv se reprann Prezidans lan".

Remak Musk te fe a sete an repons a kòmantè Trump te fè nan yon rasanbleman nan Anchorage, Alaska Samdi, kote li t ap pale pou sipòte kandida Chanm Reprezantan Ameriken Sarah Palin ak kandida Sena Ameriken Kelly Tshibaka.

Ansyen prezidan an te di nan rasanbleman an ke Musk pa t ap achte Twitter Inc TWTR.N e ke chèf egzekitif Tesla Inc TSLA.O te mele nan yon dezòd total.

XS
SM
MD
LG