Accessibility links

Breaking News

Pi fò Demokrat Ozetazini Ta Pito Wè Biden Pa Poze Kanditati l Ankò an 2024, dapre yon Sondaj


U.S. President Joe Biden listens during his meeting with Mexican President Andres Manuel Lopez Obrador in the Oval Office of the White House in Washington, July 12, 2022.
U.S. President Joe Biden listens during his meeting with Mexican President Andres Manuel Lopez Obrador in the Oval Office of the White House in Washington, July 12, 2022.

Yon gwo majorite Demokrat Ozetazini ta pi kontan si pati a nonmen yon lòt moun ke Prezidan an plas la, Joe Biden, kòm kandida pou eleksyon prezidansyel 2024 la, dapre yon nouvo sondaj jounal New York Times ak Siena College pibliye.

Sondaj la te mande moun ki reponn kesyon yo e ki gen plan pou yo vote nan eleksyon primè demokrat la, eske y ap vle pati a renonmen Biden kòm kandida. Se sèlman 26% ki di yo ta renmen wè Biden sou tikè prezidansyèl la ankò, tandiske 64% di yo ta pito wè yon lòt moun.

Rezilta sondaj la prezante yon tablo sonb pou prezidan an plas la, ki gen yon kòt popilarite ki bese anpil akoz yon enflasyon ki wo anpil, mete sou enkapasite Pati Demokrat la pou l fè ajanda administrasyon an avanse nan yon sena kote kantite reprezantan 2 pati yo egal-ego.

Se nan yon sèl domèn sondaj la bay Prezidan Biden bòn nòt: li montre, si Biden ta genyen pou l fè fas ankò ak Donald Trump an 2024, Biden t ap ranpòte laviktwa avèk 44% vwa kont 41% pou Trump.

XS
SM
MD
LG