Accessibility links

Breaking News

Blinken: Lèzetazini Kanpe avèk Kiben yo nan Okazyon Anivèsè Manifestasyon 11, 12 Jiyè 2021 yo


FILE - Anti-government protesters rally against ongoing food shortages and high prices for foodstuff, at the Maximo Gomez monument in Havana, Cuba, July 11, 2021.
FILE - Anti-government protesters rally against ongoing food shortages and high prices for foodstuff, at the Maximo Gomez monument in Havana, Cuba, July 11, 2021.

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, bay gouvènman kiben an konsèy pou l respekte vwa moun k ap pwotetste nan peyi Kiba. Chèf diplomasi Lèzetazini an lanse apèl sa a yon lane apre dewoulman pi gwo manifestasyon ki fèt nan Kiba depi plizyè dizèn dane.

Nan yon post Blinken pibliye sou Twitter, li deklare:

“Yon ane apre manifestasyon 11 jiyè 2021 an nan Kiba, nou rekonèt detèminasyon ak kouraj pèp kiben an nan konba manch long l ap livre pou demokrasi a. Lèzetazini kanpe bè kote pèp kiben an e nou lanse apèl bay rejim kiben an pou nou mande l respekte vwa sitwayen yo.”

Manitestan te pran lari nan kapital Kiba a, La Avàn, ak kèk lòt rejyon nan peyi a nan dat 11 ak 12 jiyè 2021, kote yo t ap fè konnen mekontantman yo pou lefèt ke moun te oblije fòme liyn manch long pou yo te jwenn manje, te gen blackout, mete sou pwoblèm pwovizyon medikal nan mitan pandemi kowonaviris la

Manifestan yo t ap chante slogan kote yo t ap reklame libète ak inite, jiskaske lapolis te itilize vyolans pou l gaye pwotestasyon an.

Apre manifestasyon yo, prezidan kiben an, Miguel Diaz-Canel, te mete devan tout peyi a yon diskou radyo ak televizyon te difize atravè tout tèritwa nasyonal la, kote l te di dezòd sosyal sa a sete rezilta “ yon politik sipresyon ekonomik” Lèzetazini t ap mennen. Otorite kiben yo te mete nan prizon plizyè santèn moun ki te patisipe nan manifestasyon yo.

XS
SM
MD
LG