Accessibility links

Breaking News

Kesyon Enpòtan pou Moun Veye Pandan Vwayaj Biden nan Mwayen Oryan an


President-elect Joe Biden steps off a plane at New Castle Airport in New Castle, Del., Tuesday, Dec. 15, 2020. Biden is returning from a campaign rally in Atlanta for Georgia Democratic candidates for U.S. Senate Raphael Warnock and Jon Ossoff. (AP…
President-elect Joe Biden steps off a plane at New Castle Airport in New Castle, Del., Tuesday, Dec. 15, 2020. Biden is returning from a campaign rally in Atlanta for Georgia Democratic candidates for U.S. Senate Raphael Warnock and Jon Ossoff. (AP…

Lamezon Blanch – Prezidan Biden kite Washington madi pou l ale nan peyi Izrayèl nan kad yon virewon nan Mwayen Oryan an kote li pral vizite tou Si Jòdani ak Arabi Sawoudit. Lidè ameriken an pral ankouraje yon pi gwo entegrasyon Izrayèl nan rejyon an; li pral bay peyi nan Gòlf la konsèy pou yo ponpe plis petwòl yon fason pou soulaje kriz enèji a epi bay asirans ke Lèzetazini pa p sispann konsidere rejyon an kòm yon priyorite, malgre li santre atansyon li aktyèlman sou lagè Ikrèn nan e sou yon konkirans estratejik avèk Lachin.

Se pral yon vwayaj konplike pou Biben, ki resevwa kritik nan men militan yo ak manm pwòp pati politik li a poutèt li retabli relasyon avek wayòm sawoudyen an ke li menm ankò te kritike nan lepase kòmkwa li se yon “rejim ki pa gen okenn valè sosyal.”

Konseye Sekirite Nasyonal ameriken an, Jake Sullivan, ki t ap pale ak laprès lendi, deklare:

“Obektif nou se rekalibre, men non pa brize, relasyon nou avèk Arabi Sawoudit.”

Sullivan defann lide ke nan yon mond kote konkirans jeopolitik pa sispann ranfòse, espesyalman nan rejyon Endo-Pasifik la ak ann Ewòp, Lèzetazini dwe rete angaje aktivman nan Mwayen Oryan an. Li ajoute:

“Mwayen Oryan an rete entèkonekte sere-sere avèk rès mond la. E si nou pase alaksyon kounyela a pou n kreye yon rejyon ki pi puisan e pi stab, sa pral gen bon rezilta pou enterè nasyonal Lèzetazini e pou pèp ameriken an pandan ane k ap vini yo.”

XS
SM
MD
LG