Accessibility links

Breaking News

Pwokire Tribinal Kriminèl Entènasyonal la: Yon “Estrateji Ponyèt Long” Nesesè pou Jije Responsab Krim de Gè yo nan Ikrèn


Solda Ikrenyen depoze fle nan lye kote La Risi lanse atak nan vil Vinnytsia, Vandredi 15 Jiye, 2022.
Solda Ikrenyen depoze fle nan lye kote La Risi lanse atak nan vil Vinnytsia, Vandredi 15 Jiye, 2022.

“Verite senp la, sè ke, nan moman n ap pale la a, timoun, fanm ak gason, jenn kou vye, ap viv nan latèrè.”

Se deklarasyon Kamrim Khan, prensipal pwokirè nan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la (TKE) fè jedi nan ouvèti Konferans sou Responsablite nan Ikrèn k ap dewoule nan vil Lahè, avèk patisipasyon anviwon 40 peyi.

Khan fè konnen “yon estrateji avèk bra long” nesesè pou trennen devan lajistis sila yo ki koupab pou krim de gè nan Ikrèn.

Ikrèn bay TKE tout otorite pou l trete zafè krim ki fèt nan peyi a, sa ki ouvri pòt la pou tribunal la mennen ankèt li yo, puiske ni Ikrèn ni Larisi pa manm tribinal la.

Otorite yo nan Ikrèn fè konnen misil lame Larisi lanse t al frape jedi vil Vinnytsi, nan sant peyi a. Bilan: omwen 23 moun mouri tandiske plis pase 100 lòt blese.

XS
SM
MD
LG