Accessibility links

Breaking News

Ikrèn deklare Atak ak Misil Aviyasyon Militè Ris la Lanse Frape vil Vinnytsia


Russia's attack on Ukraine continues, in Vinnytsia
Russia's attack on Ukraine continues, in Vinnytsia

Otorite yo nan Ikrèn di kèk misil lame Larisi lanse jedi 14 jiye a al frape vil Vinnytsia, nan sant Ikrèn, kote yo touye 20 moun pou pi piti epi blese 90 lòt konsa.

Dapre lapolis, 3 misil al tonbe sou yon biwo leta nan mitan vil la ki sitiye sou yon ditans 70 kilomèt o sidwès kapital la, Kyèv. Misil sa yo, ki te sòti sou yon soumaren ris ki nan Lanmè Nwa a, domaje plizyè bilding rezidansyèl nan zòn nan e yo mete dife nan 50 machin ki te nan yon paking tou pre a.

Gouvènè rejyon Vinnytsia a, Serhiy Borzov, deklare sistèm defans ikrenyen an rive desann 4 lòt misil nan menm zòn nan.

Avèk yon popilasyon 370 mil moun, Vinnytsia se youn nan pi gwo vil nan Ikrèn. Plizyè santèn moun k ap viv nan pati lès peyi a, kote Larisi konsantre atak li yo, pati kite rejyon an depi lagè a te kòmanse nan fen mwa fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG