Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Kilès Roger Stone Ye?


Roger Stone apre li te fin pale ak laprès devan Tribinal la nan Fort Lauderdale, Fla. 25 janvye 2019.
Roger Stone apre li te fin pale ak laprès devan Tribinal la nan Fort Lauderdale, Fla. 25 janvye 2019.

Roger Stone se yon alye Prezidan ameriken an Donald Trump depi lontan. Li te jwen arestasyon li vandredi 25 janvye 2019 la anba akizasyon te bay Kongrè a manti nan sa ki konsène on seri imèl pati Demokrat la ki te filtre pandan kanpay ane 2016 yo, sa ki vin pouse Prezidan Trump denonse ankò sa li rele “la chas o sosye” kont li.

Konseye espesyal Robert Muller di nan papye tribinal yo ke Roger Stone te konnen an avans plan ke WeakiLeaks te genyen pou li pibliye imèl yo, yon bagay anpil analis politik di te lakoz Mesye Trump ranpòte mayèt prezidansyèl la sou Demokrat Hillary Clinton. Roger Stone, yon veteran kap milite sou sèn politik la, se youn nan asosye ki pi pwòch prezidan an Pwokirè espesyal Robert Muller mete anba kod.

Mesye Muller ap egzamine si te gen lyen ant kanpay Mesye Trump la ak Larisi. Byen bonè maten vandredi an, FBI te pwosede a arestasyon Roger Stone pandan li te lakay li an Florid.

Prezidan Trump te pran kont Twitter li pou l ekri pawòl li pi renmen di konsènan envestigasyon powkirè Muller a “Pi gwo la chas o sosye nan istwa peyi nou, pa gen anken lyen!”

Larisi tou bò kote pa l rejete akizasyon ki ta fè kwè ke te gen lyezon ant yo menm ak kanpay prezidan Trump lan. Roger Stone ap fè fas a 7 akizasyon kriminal, ladan yo obstriksyon kont demach ofisyèl, manipile temwen, ak bay manti.

Mèt Grant Smith ki se avoka Roger Stone di jounal Reuters ke Roger Stone pare pou li rejte “ak tout fòs li” chaj sa yo. Mèt Smith fè konnen “Pat gen okenn konfyolo. Roger Stone bliye di Kongrè a yon bagay, e sa pa vle di anyen.”

Roger Stone ki te fè yon parèt nan tribinal federal nan Fort Lauderdale la, an Florid, te gen yon djin ak yon mayo ble sou li. Yon jij lage l sou kosyon pou 250 mil dola, e pase misye lòd pou li pa ale pi lwen ke zòn sid Florid, New York ak Washington. Pòt pawòl Mezon Blanch la, Sarah Sanders fè konnen ke akizasyon sou do Roger Stone yo pa gen anyen avwa ak Prezidan an.

Dapre yon liv Roger Stone ekri an 2017 konsènan kanpay Prezidan Trump pou rive nan Lamezon Blanch la, relasyon ant li menm ak prezidan an gen dè zane. Roger Stone ekri nan liv li a ke se depi an 1988 l ap chofe Mesye Trump pou li te poze kandidati l a laprezidans. Toujou daprè Roger Stone, nan lane 2000, li te prezidan yon komite ki te gen pou misyon evalye posibilite pou entreprenè byen imobilye a ale nan eleksyon prezidansyel, e nan lane 2012, li te yon konsiltan Mesye Trump lè l ta p anvisaje posibilite pou l antre nan kous elektoral pou la Lamezon Blanch.

Roger Stone te travay nan kanpay Prezidan Trump la pou sèlman yon ti bout tan, e li te kite nan mwa dout 2015. Moun nan kanpay la fè konnen yo te revoke misye paske l ta p bat pou l parèt kòm mèt afè kanpay la, men Roger Stone deklare se li ki te fè yon kraze kite sa.

XS
SM
MD
LG