Accessibility links

Breaking News

Aprè Somè Amerikano-Ris la nan Peyi Fenland, Washington ak Moskou Pa Antenn yo sou Divès Kesyon


Prezidan Donald Trump ak tokay ris li a, Prezidan Vladimir Putin, ki t ap bay lamen aprè yon konferans pou laprès yo te bay ansanm nan Palè Prezidansyèl la nan Helsinki, Fenland, nan dat 16 jiyè 2018 la.
Prezidan Donald Trump ak tokay ris li a, Prezidan Vladimir Putin, ki t ap bay lamen aprè yon konferans pou laprès yo te bay ansanm nan Palè Prezidansyèl la nan Helsinki, Fenland, nan dat 16 jiyè 2018 la.

Yon mezantant kòmanse ant Lèzetazini avèk Larisi akoz demand Moskou fè pou l rankontre avèk 11 sitwayen ameriken ki, dapre otorite ris yo, ta komèt aksyon ilegal nan Larisi kòm kondisyon pou yo pèmèt anketè ameriken kesyone 12 ajan militè ris i tonbe anba akizasyon deske yo ta jwe yon wòl nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan mwa Novanm 2016 -pèsonalite ki pote akizasyon sa a se pwokirè espesyal ameriken Robert Mueller.

Pandan somè Helsinki a, ki te dewoule nan vl Helsinki, nan Findland, lendi 16 jiyè pase a e ki te reyini lidè ris la, Vladimir Poutin, avèk prezidan ameriken an, Donald Trump, M. Poutin te mete pwopozisyon Moskou a devan Prezidan Trump. Administrayon ameriken an pa ekate posibilite pou l aksepte pwopozisyon an.

Youn nan moun Larisi sible avèk akizasyon li a, se envestisè Bill Browder ki baze nan vil Lond, nan peyi Langletè, e ki, dapre otorite ris yo, ta vyole lwa Larisi poutèt li pa t peye taks; dapre ris yo toujou, ajan ransèyman ameriken sanble te ede M. Browder transfere lajan li nan lòt peyi.

Maria Butina, lidè kanpay an favè dwa pou moun pote zam nan Larisi. (Foto: 21 avril 2013.- Li te genyen 29 lane)
Maria Butina, lidè kanpay an favè dwa pou moun pote zam nan Larisi. (Foto: 21 avril 2013.- Li te genyen 29 lane)

Mezantant la pete kèk jou apre fòs-de-lòd yo Ozetazini te arete yon sitwayèn ris, Maria Butina, deske li t ap travay kòm yon ajan sekrè Moskou e li pa t deklare tèt li kòm yon ajan nan Depatman Jistis Lèzetazini jan lalwa amerikèn mande sa a.

Kèk jou aprè somè Helsinki a, prezidan ris la, Vladimir Poutin te pran lapawòl jedi 19 jiyè a devan yon group diplomat nan vil Moskou, koye li te denonse sa l konsidere kom fòs presyon politik kap opere Ozetazini e ki, daprè li, ap chache deraye non sèlman pwogrè ki fèt nan relasyon ant Moskou ak Washington, men tou y ap sakrifye bon rapò sa yo pou yo defann anbisyon pèsonèl yo nan kad yon batay politik entèn.

Pou detay sou plis pwen aktualite a, ale sou sit nou an: WWW.VOANOUVEL.COM

XS
SM
MD
LG