Accessibility links

Breaking News

Jistis USA - Akizasyon ak Defans Eksprime Opinyon Depaman sou Enplikasyon Larisi nan Prezidansyèl 2016 yo


Yon konbinezonn fofo ki montre Prezidan Donald Trump yon bò (adwat) avèk ansyen avoka li, Michael Cohen. (Cohen te tou prè yon tribinal federal nan Mahattan, New York, nan dat 16 avril 2018; epi Prezidan Trump te nan La Meozn Blanch, an Washington, jou 18 jiyè 2018 la). Foto Dosye: REUTERS/Lucas Jackson, Leah Millis).
Yon konbinezonn fofo ki montre Prezidan Donald Trump yon bò (adwat) avèk ansyen avoka li, Michael Cohen. (Cohen te tou prè yon tribinal federal nan Mahattan, New York, nan dat 16 avril 2018; epi Prezidan Trump te nan La Meozn Blanch, an Washington, jou 18 jiyè 2018 la). Foto Dosye: REUTERS/Lucas Jackson, Leah Millis).

Ozetazini, pandan lontan moun te konsidere Avoka Michael Cohen kòm konseye legal espesyal Misye Donald Trump, swa depi anvan Misey Trump te eli prezidan ameriken. Jounen jodi a Mèt Cohen pa fè nouvèl poutet sitou li ta anrejistre yon konvèsasyon kote li te abòde ak kliyan li a yon afè pèmanan lajan pou yon ansyen vedèt magazin Playboy ki pa sispann di li te genyen yon relasyon santimantal avèk Misye Trump..

Vrèman vre, nouvèl yo fè konnen Avoka Michael Cohen sanble ap kowopere kounye a avèk pwokirè espesyal Robert Mueller k ap mennen ankèt sou kesyon pou konnen èske responsab kanpay Trump la te antann yo avèk Larisi pou otorite yo nan Moskou te enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl yo Ozetazini nan ane 2016 an favè kandida Donald Trump. Pa egzanp, avoka Cohen ta di prezidan Trump te o-kouran davans yon rankont pitit-gason li, Donald Trump Junior, te fè ak kèk ajan sekrè ris ki te pwomèt asistans yo si responsab kanpay la te vle sal non kandida demokrat la, Hillary Clinton.

San pèdi tan akova Misye Trump yo reyaji avèk yon kontratak djanm sou Michael Cohen. Youn nan avoka sa yo se Rudolph Giuliani ki fè deklarasyon sa a pandan li t ap pale sou antèn chèn televizyon ABC:

<<Mwen pa konnen kisa k rive misye. Sa gen kèk semnèn sèlman li pa t ap bay tout pawòl manti sa yo; sa gen kèk semèn mwen pa t konnen si li te yon gwo mantè konsa, yon avoka ki jwenn mwayan anrejistre an sekrè konvèsasyon l ap fè avèk kliyan li.>>

Prezidan Donald Trump, li menm tou, pa pedè tan pou l koresponn avèk Michael Cohen. Se konsa, byen bonè lendi 30 jiyè 2018 la, li ekri sou kont Twitter li pou l di:

" Mwen pat okouran ditou de rankont pitit-gason m nan, Donald Junior, te fè a. Sanble gen yon moun k ap eseye envante pawòl, k ap fè fo temwayaj devan lajistis pou lajistis pa ba li yon gwo pinisyon pou yon lòt afè ki pa gen okenn rapò ak kesyon rankont la."

Ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen an deja debouche sou akizasyon ofisyèl ki tonbe sou do divès gwo konfidan ak pwòch kolaboratè Prezidan Donald Trump. Nouvèl yo di anpil nan yo, tankou avoka Michael Cohen, deside kowopere avèk reprezantan lajistis federal ki ouvri ankèt sou yon kantite tranzaksyon ak aktivite Misye Trump te mennen anvan li te monte sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG