Accessibility links

Breaking News

Jeffries Anonse Entansyon Istorik li Pou Dirije Demokrat yo nan Lachanm


Foto Achiv: Depite Hakeem Jeffries (Demokrat Nouyok) pale ak jounalis yo nan Capitol la, nan Washington, 17 Nov. 2022.
Foto Achiv: Depite Hakeem Jeffries (Demokrat Nouyok) pale ak jounalis yo nan Capitol la, nan Washington, 17 Nov. 2022.

Yon jou apre lidè Lachanm Depite a, Nancy Pelosi anonse lap rale kò li kòm lidè Demokrat yo, depite Hakeem Jeffries, ki reprezante Nouyòk, anonse entansyon li pou'l tounen premye moun nwa ki janm dirije yon pati politi enpòtan nan Kongrè a. Misye vle dirije Demokrat Lachanm yo.

Nan yon lèt li voye bay kolèg li yo Vandredi, Jeffried rann omaj a "lidè lejandè" ki vini anvan li yo: Pelosi ak ekip li a.

Jeffries ankouraje kolèg li yo akeyi ak brazouvè "opòtinite sa a ki vini yon sèl fwa nan chak jenerasyon" pou devwale tout potansyèl yo antanke ekip.

Demokrat Lachanm yo pral eli lidè yo pandan yon kokis dèyè pòt fèmen, apre fèt Thanksgiving nan (Aksyon de Gras).

XS
SM
MD
LG