Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Kenbe Kontwòl Sena a


Senate Catherine Cortez Masto (Demokrat Nevada) pran la pawol Dimanch 6 Nov. nan Las Vegas.
Senate Catherine Cortez Masto (Demokrat Nevada) pran la pawol Dimanch 6 Nov. nan Las Vegas.

Pati Demokrat la pral mentni kontwòl Sena a apre yo repouse jefò Repibliken yo te fè pou reprann kontwòl Wòt Chanm Palman Ameriken an. Sa pral rann ni pi difisil pou opozisyon bloke ajenda Prezidan Joe Biden nan.

Sepandan, ki pati ki pral kontwole Lachanm poko deside. Pati Repibliken an ap goumen pou'l gen yon majorite tou mens nan Chanm Bas la.

Viktwa Catherine Cortez Masto ranpòte nan Nevada Samdi bay Demokrat yo 50 syèj yo bezwen pou kontwole Sena a. Viktwa li reflete yon fòs Demokrat yo montre nan eleksyon mi manda a ki etone anpil moun.

Senatè Demokrat Chuck Schumer ki se lidè Sena a di pèp Ameriken an rejte "direksyon anti-demokrat, otoritè, mechan ak divisiv" Repibliken Donald Trump te apiye yo te vle pou peyi a.

Biden deklare "Mwen santi'm anfòm."

XS
SM
MD
LG