Accessibility links

Breaking News

Ki Pati Ki Pral Kontwole Kongrè a Poko Klè


Lyetnan Gouvene Pensilvani John Fetterman, salye patizan li yo nan Pittsburg, 9 Nov. 2022.
Lyetnan Gouvene Pensilvani John Fetterman, salye patizan li yo nan Pittsburg, 9 Nov. 2022.

Demokrat yo kontwole Kongrè a pou yon maj tou mens, men kestyon pou konnen ki pati ki pral kontwole Palman Etazini an poko klè.

Demokrat yo te etone anpil moun ak bon rezilta yo jwenn nan eleksyon mi manda a.

Demokrat yo bat Repibliken yo nan yon seri kous konpetitif pou defye analis ki te di to enflasyon an ki wo anpil ak popilarite Prezidan Joe Biden ki ba, tapral lakoz pati a tapral sibi defèt nan kous kle yo.

Youn nan kous ki bay Demokrat yo plis bourad se Pensilvani kote Demokrat John Fetterman pran yon syèj nan Sena a ke yon Repibliken te kontwole.

Li two bonè pou konnen kiyès ki ranpote syèj Dena nan Wisconsin, Nevada, Joji ak Arizona, ki ta afekte ki pati ki gen majorite a.

Nan Lanchanm, Demokrat yo kenbe syèj nan distri nan eta Vijini, Kansas ak Rhode Island, tandiske nan Nouyok ak Kalifoni rezilta pou syèj lachanm yo poko finalize.

XS
SM
MD
LG