Accessibility links

Breaking News

Ameriken ap Chwazi yon Nouvo Kongrè


Elekte yo ranpli bilten yo anvan yo vote nan yon biwo d vot nan Mize Brooklyn nan, kote yap vote nan eleksyon mi manda yo, Madi 8 Novanm, 2022.
Elekte yo ranpli bilten yo anvan yo vote nan yon biwo d vot nan Mize Brooklyn nan, kote yap vote nan eleksyon mi manda yo, Madi 8 Novanm, 2022.

Dè milyon Ameriken vote Madi nan eleksyon mi-manda yo kote kontwol politik Kongrè a an je ansanm ak filozofi ki pral dominen deba politik la pandan dezyèm pati manda Prezidan Joe Biden nan.

Tou le 435 syèj nan Lachanm dè Reprezantan an je. Gen 35 sou 100 syèj nan Sena a ki an je tou. Plis pase 42 milyon moun swa deja vote an pèson oubyen pa kourye anvan jounen ofisyèl eleksyon an Madi 8 Novanm. Gen analis ki sigjere total kantite moun ki vote Madi taka depase 115 milyon, ki se chif yo te anrejistre an 2018.

Demokrat yo gen yon majorite tou mens nan tou 2 chanm Palman an, epi yo kontwole Lamezonblanch. Nan listwa Etazini, pati ki kontole egzekitif la ak branch lejislatif la kon pèdi syèj nan eleksyon mitan-manda yo.

Sondaj ki te fvt anvan eleksyon an te montre Repibliken yo gen anpil chans pou yo pran kontwol Lachanm e petèt Sena a tou. Rezilta sa a nan pase a te debouche sou yon espèz de peyi lok - kote li te difisil pou pwojè lwa apwouve.

Nan komansman jounen an, tout bagay te byen dewoule san oken gwo konfli, malgre kontaj vwa yo taka trennen nan kèk kominote, kote dè santèn milye moun te vote pa kourye, e yo pap konte vwa sa yo toutotan biwo vot yo pa fèmen pot yo.

Responsab nen 2 eta Repibliken yo kontwole, an palan de Missouri ak Florid, refize kite responsab federal Depatman Jistis yo antre nan biwo vot pou yo veye vyolasyon dwa elektè yo. Responsab elektoral wo plase yo nan 2 eta sa yo te kestyone otorite Depatman Jistis la genyen pou'l mete obsèvatè andedan biwo vot yo.

Ni pati Repibliken an, ni pati Demokrat la te veye sak tap pase nan biwo vot nan anpil vil toupatou Ozetazini pou wè si ta gen koken oubyen fwod. Depatman Jistis la ap veye tou, pou asire tout biwo vot yo respekte lwa elektoral federal yo ak dwa elektè yo nan 24 lot eta, met sou Missouri ak Florid.

Apre solèy la te kouche, oganizasyon FiveThirtyEight.com, yon oganizasyon ki fè sondaj politik, te bay Repibliken yo 59% chans pou yo pran kontwol Sena a, epi 84% chans pou kontwole Lachanm.

Li pwojte ke Repibliken yo taka ranmase 15 syèj nan Lachanm pou gen yon majorite 227 kont 208. Epi ranpote yon syèj an plis nan Sena a pou gen yon avantaj 51 syèj kont 49. Nouvo eli yo va ranpli syèj sa yo apati mwad Janvye 2023. Men sondaj ki fèt pami moun kite fin vote endike gen dout sou prediksyon sa a.

Responsab elektoral yo di sa taka pran kèk jou apre eleksyon Madi a pou yo pibliye rezilta final yo nan kèk eta kote kous la sere anpil, tankou pa egzanp Pensilvani, Arizona ak Jòji.

Jounalis VOA Ken Bredemeier ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG