Accessibility links

Breaking News

Repibliken yo Byen Pozisyone pou Pran Kontwòl Lachanm


Lide Minorite Lachanm Etazini, Kevin McCarthy (Repibliken, Kalifoni) nan Washington, 9 Nov. 2022.
Lide Minorite Lachanm Etazini, Kevin McCarthy (Repibliken, Kalifoni) nan Washington, 9 Nov. 2022.

Repibliken yo byen pozisyone pou genyen yon majorite tou mens nan Lachanm dè Reprezantan an, apre eleksyon mid-manda Mèkredi a. Sepandan, kontwòl Sena a poko klè pandan Ameriken ap tann rezilta eleksyon sere-sere nan Arizona, Nevada ak Jòji.

Eleksyon mi-manda yo defye prediksyon analis yo ki te di pati konsèvatè a tapral vannen Demokrat yo toupatou nan peyi a, akoz yo fristre ak enflasyon an epi lidèship Prezidan Joe Biden.

Nan Pensilvani, Demokrat John Fetterman ranpòte yon syèj pati Repibliken an te kontwole nan Sena a.

Nan Jòji, kous pou syèj sena a ant senatè Demokrat Raphael Warnock ak Repibliken Herschel Walker pral nan dezyèm tou 6 Desanm kap vini an.

Repibliken yo ranpòte la viktwa nan Wisconsin, kote Senatè Ron Johnson kenbe syèj li.

Kontaj vòt yo ap kontinye toupatou Ozetazini.

XS
SM
MD
LG