Accessibility links

Breaking News

Pelosi Pral Rale Kò li Kòm Lidè Demokrat yo nan Lachanm


Lide Lachanm Nancy Pelosi ( Demokrat Kalifoni) pran la pawol nan Kongre a, Jedi 17 Nov. 2022.
Lide Lachanm Nancy Pelosi ( Demokrat Kalifoni) pran la pawol nan Kongre a, Jedi 17 Nov. 2022.

Lidè Lachanm Nancy Pelosi deklare li pap rete kòm lidè pati Demokrat yo nan nouvo Kongrè a.

Desizyon Pelosi a Jedi, vini apre Demokrat yo pèdi majorite yo te genyen nan Lachanm nan fas ak Repibliken yo nan eleksyon mi manda yo. Li vini tou apre yon atak brital kont mari li, Paul, apre yon moun antre lakay yo nan San Francisco epi bat li.

Desizyon Pelosi a pare chimen an pou yon nouvo jenerasyon lidè Demokrat. Li di li gen entansyon kenbe pos li kòm depite eta Kalifòni nan Lachanm, e pre li sot re-eli nan eleksyon 8 Novanm nan.

Pelosi se premye e sèl fanm ki janm okipe pòs lide Lachanm e li di li te kraze "Plafon Mab la".

Li te dirije jefò pou adopte Affordable Care Act Prezidan Obama a (yon gwo pwoje lwa swen sante) epi 2 jefò pou akize Prezidan Donald Trump pou move gouvènans.

XS
SM
MD
LG