Accessibility links

Breaking News

Pelosi Pral Anonse 'Plan li pou Lavni' Apre Repibliken yo Pran Kontwòl Lachanm


Foto Achiv: Lide Lachanm Demokrat Nancy Pelosi.
Foto Achiv: Lide Lachanm Demokrat Nancy Pelosi.

Lidè Lachanm Nancy Pelosi sipoze fè yon pale ak kolèg li yo Jedi apre Demokrat yo pèdi pa yon maj tou mens, kontwòl chanm bas palman Etazini an. Kounyea se Repibliken yo ki kontwole Lachanm.

Desizyon a savwa si Pelosi pral chache renouvle manda li kom lidè Demokrat yo oubyen kite yon lòt moun pran devan, se yon desizyon anpil moun ap tann.

Yon pot pawòl Pelosi di sou Twitter, lidè Demokrat la gen entansyon diskite sou kestyon an ak kolèg li yo, men li pa bay okenn enfòmasyon sou ki lè ni ki kote konvèsasyon an pral dewoule.

Potpawòl la di Pelosi "resevwa yon pakèt apèl nan men kolèg, zanmi ak patizan."

Pelosi sipoze pran la pawòl nan Lachanm.

XS
SM
MD
LG