Accessibility links

Breaking News

Palmantè Demokrat, Repibliken ap Oganize yo pou Nouvo Sesyon Kongrè a


Foto Achiv: Lide Minorite Lachanm Kevin McCarthy pale pandan yon konferans pou lapres 15 Nov. 2022.
Foto Achiv: Lide Minorite Lachanm Kevin McCarthy pale pandan yon konferans pou lapres 15 Nov. 2022.

Kounye-a ke dènye kous-yo pou Chanm Reprezantan-an ak Sena-a rive nan konklizyon, tou le 2 chanm-yo ap fè premye pa-yo pou òganize-yo pou 118èm Kongrè Etazini-an ki, dapre yon ti gwoup ekspè, ka fè bon valè travay.

Repibliken-yo pwal kontwole Chanm Reprezantan-an lè nouvo Kongrè-a reyini nan koumansman mwa Janvye, malgre y-ap gen yon majorite tou zwit. Sena-a ap rete nan men Demokrat-yo, malgre ti majorite-yo-a depann ke 2èm tou eleksyon ki pwal dewoule nan eta Jòji nan koumansman mwa Desanm.

Se yon aranjman ki byen fèt pou tou 2 kan-yo angaje nan yon gè kote chak pati pwal kanpe fèm sou pozisyon-l pandan y-ap fè lwa-yo, dapre sa kèk ekspè ki etidye Kongrè-a di LaVwadLamerik.

XS
SM
MD
LG