Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyèn nan Enpoze yon 4e Seri Sanksyon kont La Risi Akoz Lagè Ikrèn


Nan foto sa a ke sevis ijans leta Ikrenyen an pibliye ponpye ap evakye yon granmoun soti nan yon bilding rezidansyel ki sibi atak ak obi nan vil Kyev, kapital Ikren, Lendi 14 Mas 2022.
Nan foto sa a ke sevis ijans leta Ikrenyen an pibliye ponpye ap evakye yon granmoun soti nan yon bilding rezidansyel ki sibi atak ak obi nan vil Kyev, kapital Ikren, Lendi 14 Mas 2022.

Inyon Ewopeyen an anonse li apwouve yon nouvo seri sanksyon pou pini Moskou pou envazyon li fè nan Ikrèn nan.

La France deklare 27 peyi manm yo "apwouve yon 4èm seri sanksyon ki vize moun ak antite ki mele nan agresyon kont Ikrèn nan ansanm ak plizyè sektè ekonomi Ris la."

Prezidans Franse Inyon Ewop la di blok la apwouve tou yon deklarasyon ki mande Oganizasyon Komes Mondyal la sispann aplikasyon nasyon favorize pou La Risi epi sispann egzaminasyon Byelorisi voye pou li vinn manm oganizasyon komèsyal la.

Si yo sispann La Risi, konpayi li yo pap resevwa tretman espesyal anko toupatou nan Inyon Ewopeyen an.

XS
SM
MD
LG