Accessibility links

Breaking News

Chita Pale Lapè ant Ikrèn ak Larisi pran yon Poz 24è akoz Rezon Teknik


A woman and a child walk past a dead body in front of a residential building that was hit by a shell, as Russia's attack on Ukraine continues, in the Obolon district in Kyiv, Ukraine, March 14, 2022.
A woman and a child walk past a dead body in front of a residential building that was hit by a shell, as Russia's attack on Ukraine continues, in the Obolon district in Kyiv, Ukraine, March 14, 2022.

Chita pale lapè ant ikrèn ak Larisi pran yon poz 24è pou rezon teknik. Negosyatè yo dakò sou yon nouvo koulwa imanitè ki deja evakye plis pase 150 moun ki te anba syèj nan Mariupol.

Mèkredi k ap vini la a Prezidan Volodimir Zelenskyy ap pran lapawòl devan 2 manm Kongrè ameriken an.

Konseye prezidansyèl ikrenyen an Mykhailo Podolyak deklare delegasyon Ikrèn nan mande lapè imedya, yon sesel fe, retrè solda ris yo avan pou yo kapab pale sou relasyon vwazinaj ak yon antant politik. Negosyasyon yo, ki dewoule pa videyo konferans rive 24è solda ris yo lage yon misil kwazyè sou yon baz militè tou pre fwontyè peyi a pataje ak lapolòy. Peyi oksidantal yo itilize baz militè a pou antrene solda ikrenyen yo.

Yon delegasyon 4 senatè ameriken vizite fwontyè La Polòy ki resevwa plis pase 1 milyon 700 mil refijye ikrenyen. Delegasyon an gen ladann Senatè Repibliken Roger Wicker, Bob Portman ak 2 Demokrat Richard Blumenthal ak Amy Klobuchar.

Senatris Amy Klobuchar, ki t ap pale apre li finn vizite fwontyè a deklare chante lwanj pou kouraj pèp ikrenyen an pou sa yo andire. Nou rankontre refijye ki kite mari yo dèyè, ki pèdi kay yo posede san bliye pitit yo. Lopital yo ki bonbade san bliye lapèrèz gè a kreye. Sa ki enpòtan se angajman yo pran pou demokrasi pou ede yo kanpe fè m devan Vladimir Putin.

Bò kote pa l enatè repibliken rob portman deklare sa kap pase ann ikrèn nan se yon bagay pou rache kè nou. Nou bezwen fè tout sa ki posib pou pèmèt irenyen yo jwenn mwayen pou defann tèt yo. Kont bonbadman ayeryen ris yo.. Mwen panse gen plis bagay nou kapab fè an pou bay ikrèn mwayen nesesè pou l defann tè li.

Lidè ikrenyen volodimir zelensky babye pou di tout tantativ li fè pou l rankontre prezidan putin pa bay oken rezilta. Asistan Sekretè d'Eta ameriken Wendy Sherman ki t ap pale sou chèn televizyon fox news deklare Etazini mete anpil presyon sou Prezidan Vladimir Putin pou l aksepte yon sese l fe.

"Presyon an kòmanse bay rezilta. Nou wè kèk siy genyen yon volonte pou yon negosyasyon reyèl. Men ba m di li sanble prezidan putin gen entansyon detwi ikrèn. Nou bezwen asiste ikrèn kèlke swa mwayen an" li deklare.

Pandanstan nan vil Wòm ann Itali Konseye Sekirite Nasyonal Etazini Jake Sullivan, lòt manm konseye sekirite nasyonal, depatman deta rankontre direktè adjwen afè etranjè chinwa a Yang Jiechi apre nouvèl yo rapòte Moskou ap chache asistans militè ekonomik nan men Lachin pou gè a ann Ikrèn. Lamezonblanch anonse li avèti Lachin sou konsekans grav si l eseye ede Larisi pase sou kote sanksyon yo. Anplis de lòt pwen enpòtan, rankont la santre sou enpak gè a larisi a kont Ikrèn nan sou sekirite rejyonal e global dapre pòt pawòl konsèy sekirite nasyonal la Emily Horne.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres pa ekate posibilite pou konfli a ta debouche sou yon gè nikleyè pandan li mande sekirite pou pwoteje enstalasyon nikleyè yo. Msye Guterres mande pou atak k ap fèt kont pèp ikrenyen an sispann epi pou pati konsène yo chache vwa diplomatik ak lapè.

XS
SM
MD
LG