Accessibility links

Breaking News

Atak ak Misil Ris Tou Pre Polòy, Koze Gwo Kè Sote


Moun fe la ke nan biwo paspo vil Vasovi a nan Poloy, Lendi, 14 Mas 2022.
Moun fe la ke nan biwo paspo vil Vasovi a nan Poloy, Lendi, 14 Mas 2022.

Yon atak ak misil Ris ki touye omwens 35 moun nan rejyon wes Ikren, a yon distans 24 kilomèt konsa ak La Polòy, ki se yon manm l'OTAN, lakoz Polonè yo kouri pran mezi sekirite.

Moun te fè la ke - yon bagay pesonn pat wè depi de dizèn lane - Lendi nan prensipal biwo paspò Vasovi a.

Manje an bwat, dlo fre, flash ak batri te pami pwovizyon anpil moun tap achte.

Moun nan lari te diskite sou aktyalite a ak anksyete yo genyen vizavi lavni.

Sityasyon an konsa malgre LOTAN ranfose prezans milite li nan ès Polòy, epi rasire peyi a sekirize e ke li pare pou defann chak santimèt teritwa alyans la.

XS
SM
MD
LG