Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Elon Musk vs Vladimir Putin


TESLA-BATTERIES/
TESLA-BATTERIES/

Milyadè kaprisye Elon Musk defye Prezidan Ris la Vladimir Putin Lendi pou'l goumen ak li, neg-kont-neg, epi pri pou gayan an se ta Ikrèn.

"Mwen defye Vladimir Putin pou'l patisipe nan yon konba neg-kont nèg. Pri pou gayan an se Ikrèn," fondatè antrepriz spasyal SpaceX la ekri nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li, san li pa presize ki fom dyèl sa a ta pran.

"Ou aksepte konba a?" li mande nan yon lot mesaj, fwa sa a li ekri'l nan lang Ris epi li tag kont ofisyel Kremlen an.

Fas ak enkonpreyansyon yon entènot Elon Musk asire tout moun se "pawol serye".

Prezidan Chechenn Ramzan Kadyrov, yon gwo sipòtè prezidan Ris la ak yon gwo fanatik ar masyal, rekòmande bilyonè a pou l pa "goumen kont Putin" paske yo "nan kategori pwa ki twò diferan".

"Li pa ta trè spòtif pou Vladimir Vladimirovich (Putin) bat yon opozan ki pi fèb," li deklare sou kont Telegram li a, e pwopoze pou Musk vini " antrene nan plizyè sant nan Repiblik Tchecheni pito".

"Isit la, nou pral di w plis sou metòd fènwa Ameriken ou nan PR (relasyon piblik, nòt editè) epi nou pral moutre w ki jan yo kenbe kont ou sou rezo sosyal yo byen", li te ajoute. "Ou pral kite Chechenya santi tankou yon moun tout nouvo."

"Isit la, na di w plis sou metòd anba anba ameriken yo sevi pou fe RP (relasyon piblik) e nou va aprann ou kijan pou w byen kenbe kont sou rezo sosyo yo," li ajoute. "Wa santi ou se yon nouvo moun le wap kite Tchecheni."

Elon Musk, ki pran nesans nan Afrik di Sid, te deja eksprime sipò li pou Kyèv sou Twitter "Ikrèn, kenbe fèm," debi Mas, an menm tan li eksprime "amitye li pou gran pèp La Risi a ki pa vle" lagè sa a.

Li reponn apèl tou pou asistans yon responsab Ikrenyen te voye ba li pou'l aktive sèvis entènèt Starlink la ann Ikrèn epi voye ekipman pou ede moun konekte ak entènèt nan zòn ki sibi gwo frap lame Ris la.

Milyadè a renmen fè polemik sou Twitter, kote plis pase 77 milyon moun ap swiv li.

An Fevriye li te akize kontwolè La Bous Ameriken an - ke li te enflije plizyè sanksyon - kont li pou anpeche'l eksprime'l jan li vle a. Li te konpare tou, premye minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Adolf Hitler nan yon mesaj kote li tap eksprime sipò li pou moun ki opoze restriksyon sanitè gouvènman Kanadyen an te enpoze akoz pandemi COVID-19 la. Apre sa li te efase mesaj la.

XS
SM
MD
LG