Accessibility links

Breaking News

Frans Eleksyon: Marcon, Rival Zèl Dwat li Le Pen ap Mennen Premye Tou a


Moun fe la ke pou vote nan premye tou eleksyon prezidansyel la nan vil Marseille, sid peyi La Frans, Dimanch 10 Avril 2022.
Moun fe la ke pou vote nan premye tou eleksyon prezidansyel la nan vil Marseille, sid peyi La Frans, Dimanch 10 Avril 2022.

Sondaj elektoral ki fèt an Frans montre Prezidan Emmanuel Macron ak rival zèl dwat li a, Marine Le Pen, ap mennen nan premye tou eleksyon prezidansyèl la.

Si rezilta yo ann ako ak prediksyon sa a, 2 kandida sa yo va avanse nan dezyèm tou a 24 Avril. Gen moun ki di sa ka sanble anpil sak te pase dènye fwa yo te twoke konn yo nan eleksyon ane 2017 la.

Pwojeksyon yo endike Macron pran devan Dimanch ak yon maj konfotab de ant 27% ak 29% vwa yo, tandiske Le Pen limenm gen ant 23% ak 24% vwa yo.

Sepandan dezyèm tou a pral sere.

Rezilta eleksyon Fransèz la pral gen konsekans sou direksyon Ewop ap pran nan moman lap eseye anpeche La Risi koze kawo sou kontinan an, apre envazyon Prezidan Ris la, Vladimir Putin fè nan Ikrèn.

Rezilta ofisyèl yo sipoze pibliye pi ta Dimanch swa.

XS
SM
MD
LG