Accessibility links

Breaking News

Ewòp ap Eseye Ede Ikrèn Jwenn Chofaj, Elektrisite


Moun mache anba lavil Kyev, kote pa gen elektrisite ditou depi yon atak Ris, Jedi 24 Nov. 2022.
Moun mache anba lavil Kyev, kote pa gen elektrisite ditou depi yon atak Ris, Jedi 24 Nov. 2022.

Peyi Ewopeyen yo ap kouri pou ede Ikrèn jwenn chofaj ak elektrisite pandan sezon ivè a kote fè frèt anpil.

Peyi yo pwomèt Vandredi pou voye plis sipò ki pral kontrekare jefò lame Ris la ap fè pou l avili rezo elektrisite peyi a.

Envazyon an deja dire 9 mwa e fòs Kremlen yo fikse kòm sib enfrastrikti elektrisite Ikrèn nan ak lòt enfrastrikti sivil esansyèl pou sere boulon Kyèv.

Responsab yo estime apepre 50% enstalasyon enèji Ikrèn yo andomaje nan frape Ris yo.

Minis Afè Etranje Franse a di Vandredi peyi li voye 100 jeneratris pwisan bay Ikrèn. Li di Larisi fè sezon ivè a tounen yon "zam" pou plonje popilasyon Ikrenyen an nan plis mizè.

XS
SM
MD
LG