Accessibility links

Breaking News

Nouvo Atak Larisi Menase yon Santral Nikleyè Kle nan Ikrèn


Lafimen ak dife vizib nan Kherson, sid Ikren apre yon atak Larisi lanse, 19 Nov. 2022.
Lafimen ak dife vizib nan Kherson, sid Ikren apre yon atak Larisi lanse, 19 Nov. 2022.

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (IAEA) deklare nouvo atak Larisi lanse frape rejyon Zaporizhzhia a nan Ikrèn, ki se zòn kote pi gwo santral nikleyè an Ewòp la sitye.

Ajans la di plis pase yon douzèn eksplozyon souke enstalasyon an, ke Larisi okipe Dimanch. Gen bilding, sistèm ak ekipman ki andomaje.

Ikrèn blame Larisi. Li di li tap eseye anpeche santral la rekòmanse fonksyone pasyèlman pou dispoze elektrisite pou dè milyon Ikrenyen ki pa gen chofaj, elektrisite ni dlo nan moman gen gwo fredi nan peyi a.

Ris yo blame fòs Ikrenyen yo.

Yon lot kote nan rejyon sa a, fòs Ris yo sible yon douzèn kominote sivil.

Nan Kherson nan sid la, gen 5 moun ki blese nan yon atak Ris pandan yo tap fe la ke pou achte pen.

XS
SM
MD
LG