Accessibility links

Breaking News

Frap Larisi Plonje Ikrèn nan Blakawout; Misil Travèse Polòy


Fenet yon bilding rezidansyel ilimine pandan yon blakawout anba lavil Kyev, Ikren, Lendi 14 Nov. 2022.
Fenet yon bilding rezidansyel ilimine pandan yon blakawout anba lavil Kyev, Ikren, Lendi 14 Nov. 2022.

Larisi frape enstalasyon enèji Ikrenyen yo ak yon pakèt misil jodia. Frap sa yo fèt toupatou nan peyi a epi koze blakawout toupatou. Yon responsab Ameriken di gen misil ki travèse antre Polòy, ki se yon manm LOTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò a), kote 2 moun pèdi lavi yo.

Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelenskyy te move kou kong e li souke ponyèt epi deklare: "Nap siviv tout bagay."

Yon pòt pawòl gouvènman Polonè a, Piotr Mueller pa konfime tou swit enfòmasyon yon responsab wo plase ajans ransèyman Etazini an, ki te pale ak AP sou kondisyon pou yo pa site non li akoz sityasyon an sansib anpil.

Sepandan Mueller di lidè wo plase yo ap fè yon rankont dijans pou diskite sou yon "sityasyon kriz".

XS
SM
MD
LG