Accessibility links

Breaking News

Etazini: Plis Pase 100,000 Sòlda Ris Ki Mouri Oswa Blese nan Lagè Ikrèn nan


UKRAINE-CRISIS/NATO
UKRAINE-CRISIS/NATO

Chèf d Eta Majò Fòs Zame Etazini, jeneral Mark Milley di plis pase 100,000 sòlda Ris te mouri oswa blese depi kòmansman envazyon an nan Ikrèn, e li ajoute ke pèt yo te pwobableman menm jan bò kote Ikrenyen yo.

Jeneral Milley te pale ak New York Economic Club. Li di: "Gen plis pase 100,000 sòlda Ris ki mouri ak blese", "Men pwobableman se menm chif la sou bò Ikrenyen yo".

Chif sa yo ke Jeneral Milley bay pa konfime pa okenn entans endepandan .

Chèf ofisyèl militè ameriken an te espere tou pou chita pale fet pou mete fen nan lagè a, paske li di li posib pou nenpòt fòs militè Larisi oswa Ikrèn genyen lagè a militèman.

Kòmantè sa yo vini apre Larisi te bay lòd pou twoup li yo retire kò l nan vil Kherson ki sitiye nan sid Ikrèn.

Men, Kyev reyaji avèk anpil prekosyon. Ikrenyen yo di yo kwe li enposib ke lame Ris la ta kite vil estratejik sa a san li pa kanpe goumen.

XS
SM
MD
LG