Accessibility links

Breaking News

G-20 Pran Pozisyon Fèm sou Larisi ak Gè Ikrèn nan


Prezidan Etazini Joe Biden, a dwat, salye Prezidan Franse a Emmanuel Macon, mitan, pandan Chanselye Alman an Olaf Scholz ap swiv nan Bali, Endonezi, kote rankont G20 an ap dewoule, 15 Nov. 2022.
Prezidan Etazini Joe Biden, a dwat, salye Prezidan Franse a Emmanuel Macon, mitan, pandan Chanselye Alman an Olaf Scholz ap swiv nan Bali, Endonezi, kote rankont G20 an ap dewoule, 15 Nov. 2022.

Lidè pi gwo ekonomi nan mond lan rete divize sou envazyon Larisi fè nan Ikrèn nan men yo sanble pare pou transmèt yon mesaj fèm kote pi fò nan yo kondane lagè Ikrèn nan.

Prezidan Endonezyen an Joko Widodo di G20 an pa dwe kite mond lan tonbe nan yon lòt Ge Fret.

"Si nou vle aji yon fason fesponsab fok nou mete fen nan lage a. Si lage a pa sispann lap difisil pou mond lan avanse."

Yon pwojè deklarasyon Associated Press wè Madi, reitere pozisyon yo te eksprime nan rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzini an te adopte 2 Mas pase a ki "deplore ak tout fòs, zak agresyon Federasyon Ris la".

Sepandan deklarasyon an fè remake tou, gen diferan opinyon sou sityasyon an ak sanksyon yo ta dwe pran kont Larisi.

Charles Michel se Prezidan Konsèy Ewopeyen an.

"Mwen konpletman konvenki nou dwe sevi ak rankont jodia ak demen epi kontak enfomel yo sou maj G20 an pou konvenk tout patne G20 yo pou yo mete plis presyon sou Larisi paske chat LONU, prensip souvrente, ide ke li pa akseptab pou eseye chanje fwontye palafos, fwontye kominote entenasyonal la rekonet dwe respekte."

Li ajoute G20 an pa fowòm pwopis pou rezoud kestyon sekirite.

Prezidan Volodymyr Zelenskyy te adrese lidè yo pa videyo-konferans kote li mande yo mete presyon sou Larisi pou'l mete fen nan lagè lap mennen depi 9 mwa a, e ki devaste Ikrèn epi lakoz pri manje ak enèji monte 17 wotè toupatou nan mond lan.

" Mwen vle pou agresyon Ris sa a fini yon fason jis e sou baz Chat LONU ak lwa entenasyonal."

Minis Afe Etranje Ris la Sergei Lavrov deklare Madi peyi oksidantal yo ap eseye politize deklarasyon konjwent G20 an.

"Koleg Oksidantal nou yo ap eseye politize deklarasyon konjwent lan epi ajoute fraz ki ta kondane aksyon Larisi yo. Nou ensiste ke si yo vle soulve kestyon an malgre li pa sou ajenda a e li andeyò konpetans Gwoup de 20 an eben annou onet e di kleman ke nou gen opinyon depaman sou sije sa a. Gen yon lage ibrid kap dewoule nan Ikren ke l'Oksidan tanmen e ke li tap pare depi plizye zane."

Premye Minis Britanik Rishi Sunak limenm deklare kominote entenasyonal la kondane Lage Larisi ap mennen nan Ikren nan.

Yon lòt kote, Prezidan Joe Biden te rankontre Prezidan Latiki, Tayyip Erdogan nan Bali Madi, dapre sa biwo Erdogan rapòte.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters

XS
SM
MD
LG