Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin Pap Prezan nan Somè G20

FILE - Russian President Vladimir Putin delivers his speech at a ceremony to mark the 75th anniversary of Russian Federal Medical-Biological Agency in Moscow, Nov. 9, 2022. Putin will not attend the Group of 20 summit in Indonesia next week.

Endonezi, ki ap òganize somè G20 an konfime ke Prezidan ris Vladimir Putin p ap prezan an pèsòn nan ransanbleman 20 pi gran demokrasi yo nan mond la, ki ap tanmen 15 Novanm nan Bali.

Moskou pwal gen pou reprezante li Minis Afè Etranjè Sergey Lavrov, se sa yon pòtpawòl Ministè Endonezi pou Kòdone Afè Maritim ak Envestisman, Jodi Mahardi, di LaVwadlamerik. Li ajoute Putin ka « patisipe sou entènèt nan youn nan reyinyon yo”.

Patisipasyon Putin sou entènèt se petèt meyè bagay pou Jakarta, ki anba gwo presyon diplomatik loksidan pou li anile envitasyon ki t al jwenn lidè ris la pandan li ap mennen gè nan Ikrèn. Prezidan Endonezi Joko Widodo reziste kont presyon sa yo e li te envite Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy pou patisipe malgre li pa manm G20. Somè a gen pou dewoule ant 15 ak 16 Novanm k ap vini.

XS
SM
MD
LG