Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Rankontre Xi Lendi


Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden nan Washington ak Prezidan Lachin Xi Jinping nan Brasilia, Brezil.
Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden nan Washington ak Prezidan Lachin Xi Jinping nan Brasilia, Brezil.

Prezidan Joe Biden pral rankontre Prezidan Lachin Xi Jinping pandan li nan Bali, Endonezi pou rankont G20 an.

Rankont fas-a-fas la ap dewoule nan moman relasyon ant Etazini ak Lachin pa bon ditou.

Se pral premye rankont fas a fas lide 2 pi gran ekonomi mondyal yo ap fè depi Biden te vin Prezidan Etazini an Janvye 2021.

Rankont la vini tou kèk semèn apre Xi ranpote yon twazyem manda - yon bagay istorik - antan ke lidè pati Kominis Lachin nan. Sa te fèt pandan kongrè nasyonal pati a.

Lamezonblanch anonse rankont la Jedi e li fè konnen 2 lide yo pral diskite sou kijan yo ka "apwofondi liy kominikasyon" ant yo.

XS
SM
MD
LG