Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Angletè Fè yon Vizit Sipriz nan Kyèv

Nan foto a a ke biwo lapres prezidansyel Ikren nan pataje, Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy salye Premye Minis Britanik Rishi Sunak pandan rankont yo nan vil Kyev, kapital Ikren, Samdi 19 Nov. 2022.

Premye Minis Britanik la Rishi Sunak pwomèt Ikrèn 125 zam anti-avyon ak lot teknoloji defans ayeryen pandan yon vizit sanzatann li fè nan Kyèv Samdi. Sete premye vizit li nan Ikrèn, kote kapital la kouvri ak nèj.

Sunak fè chita tande Samdi ak Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy. Pwogram defans ayeryen li pwomèt la gen yon valè 50 milyon liv sterling ($60 milyon). Pwomès sa a fèt nan moman Larisi frape enfrasrikti elektrisite Ikrèn nan ak lot enfrastrikti enpotan, epi koze blakawout toupatou nan moman gen gwo fredi nan peyi a. Gen plizyè milyon Ikrenyen kap viv san elektrisie.

Zam Britanik yo vize kontre dwon Larisi achte nan men Iran.

Sunak fè remake Angletè deja bay Ikrèn $2,7 milya asistans militè e li pwomèt: "Nou pral fè mèman, parèyman ane pwochèn."

XS
SM
MD
LG