Accessibility links

Breaking News

Chèf LOTAN: Se Pwobableman yon Misil Sistèm Defans Ayeryen Ikrenyen an ki Koze Eksplozyon Polòy la


Timoun gade yon gwo twou nan yon katye rezidansyel apre atak ak misil Larisi nan Solonka, Ikren, 16 Nov. 2022.
Timoun gade yon gwo twou nan yon katye rezidansyel apre atak ak misil Larisi nan Solonka, Ikren, 16 Nov. 2022.

Sekretè Jeneral LOTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò a) Jens Stoltenberg deklare Mèkredi, se pwobableman yon misil sistèm defans ayeryen Ikrenyen an lanse pou defann teritwa li kont misil kwazyè Ris yo" ki koze yon eksplozyon nan ès Polòy tou pre fwontyè Ikrèn nan.

Nan yon pale ak jounalis yo nan vil Brusèl apre yon rankonte manm LOTAN yo, Stoltenberg di tout alye yo dakò ak evalyasyon sa a ki te baze sou yon analiz preliminè. Li ajoute ankèt la ap kontinye.

Stoltenberg ensiste pou di "Se pa fòt Ikrèn. Larisi gen responsabilite pou evenman sa a pandan lap kontinye lagè ilegal li kont Ikrèn.

Chèf LOTAN an di pi bon fason pou anpeche sa rive nan lavni se pou Larisi sispann mennnen lagè nan Ikrèn.

Li pa bay okenn lòt detay, lè jounalis yo mande l si yon misil Ikrenyen te entèsepte vreman vre yon misil Ris nan zòn nan oubyen si yo te jwenn debri yon misil ris atè a. Stoltenberg di jounalis yo LOTAN pral deside pi ta konbyen enfòmasyon li pral revele sou ankèt la.

Prezidan Polonè a, Andrzej Duda deklare Mèkredi tou, pa gen "anyen ki endike" Larisi fè ekspre atake peyi li.

Prezidan an di lame Ikrenyen an tap lanse misil nan divès direksyon e gen anpil chans ke se youn na nmisil sa yo ki te malerezman tonbe nan teritwa Polonè.

Pi bonè Mèkredi, lidè LOTAN ak Gwoup dè 7 la te rankontre an tout ijans sou kote rankont o somè Gwoup dè 20 an, nan vil Bali, Endonezi pou diskite sou ensidan an.

Prezidan Joe Biden di jounalis yo apre rankont la ke "Nou te dakò pou n apiye ankèt Polòy ap mennen sou eksplozyon an nan yon zòn riral ki sitye tou pre frontyè Ikrèn nan. E mwen si e sèten nou pral konnen egzakteman sak te pase.

Rankont dijans la ke Prezidan Biden te oganize apre eksplozyon an, te gen patisipasyon lidè peyi Kanada, Komisyon Ewopeyen an, Konsèy Ewopeyen an, La Frans, Almay, Itali, Japon, Peyi Ba, Espay, ak Wayom Ini.

Biden di pa gen anpil chans pou se Larisi ki te lanse misil ki tonbe Polòy la.

Li ajoute enfòmasyon preliminè yo jwenn montre se pat yomenm, men li pa ble di plis toutotan ankèt la poko fini.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Patsy Widakuswara, kap vwayaje ak Prezidan Joe Biden ekri vesyon orijinal repotaj sa a an Angle

XS
SM
MD
LG