Accessibility links

Breaking News

Diskisyon G20 yo Santre sou Lagè Ikrèn


Prezidan Endonezyen Joko Widodo pale pandan rankont lide G20 yo nan Bali, Endonezi, Madi 15 Nov. 2022.
Prezidan Endonezyen Joko Widodo pale pandan rankont lide G20 yo nan Bali, Endonezi, Madi 15 Nov. 2022.

Lidè Gwoup G20 an, gwoup 20 pi gran ekonomi yo nan mond la, koumanse fè chita-koze madi sou zile Bali nan Endonezi, ki moutre divizyon sou lagè Ikrèn nan.

Lidè yo gen pou yo fè yon deklarasyon kote pifò manm yo kondane ak tout fòs lagè LaRisi nan Ikrèn nan, dapre yon gwo zotobre nan administrasyon Biden nan ki t ap pale ak jounalis maten an. Li pa klè konbe nan yo ki pwal siyen deklarasyon an.

“M panse nou pwal wè pifò manm G20 moutre klè yo kondane lagè LaRisi nan Ikrèn nan, ke yo wè li kòm sous anpil soufrans ekonomik ak imanitè nan mond la,” se sa zotobre a di men li pa vle non l site.

Lidè yo antann yo sou priyorite G20 yo ke Endonezi pouse nan pwogram prezidans li a, antwòt tranzisyon pou yon nouvo fòm enèji – men deklarasyon sou LaRisi a se pwen ki bay pwoblèm nan. Yon akò ant tout pati yo nan finisman somè-a, sa pa sanble ap fèt, dapre kèk sous diplomatik ki pale ak LaVwadlamerik.

XS
SM
MD
LG