Accessibility links

Breaking News

Somè G20: Lidè Mondyal Reyini Nan Bali


Prezidan Joe Biden, a dwat, kanpe ak Prezidan Lachin Xi Jinping anvan yon rankont nan Bali, Endonezi kote rankont o some G20 an ap dewoule, 14 Nov. 2022.
Prezidan Joe Biden, a dwat, kanpe ak Prezidan Lachin Xi Jinping anvan yon rankont nan Bali, Endonezi kote rankont o some G20 an ap dewoule, 14 Nov. 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden reyini ansanm ak lidè mondyal yo nan zile vakans Bali nan Endonezi, pou Somè G20 an ke Prezidan Joko Widodo ap dirije.

Yon moman rilaks te tanmen reyinyon an apre dè mwa gwo efò diplomatik ale-vini ant Washington ak Jakarta anvan rasanbleman lidè 20 pi gran ekonomi mondyal yo ki pa te atire atansyon akoz lagè Ikrèn nan ak presyon loksidan pou izole LaRisi.

17 manm G20 gen kòm reprezantan chef gouvènman yo, pami yo lidè Gwoup 7 nasyon ki pi endistriyèl yo, G7, ak Prezidan chinwa Xi Jinping.

Prezidan ris Vladimir Putin p ap prezan an pèsòn, e li pa klè si li pwal patisipe nan entènèt. Prezidan Volodymyr Zelenskyy ap patisipe sou entènèt malgre Ikrèn pa manm gwoup la.

XS
SM
MD
LG