Accessibility links

Breaking News

AIEI Anivaje Fè Enspeksyon Izin Nikleyè Zaporizhzhia nan Ikrèn


Lafimen monte apre yon atak ayeryen ris nan vil Kherson, sid Ikren, Samdi 19 Novanm 2022.
Lafimen monte apre yon atak ayeryen ris nan vil Kherson, sid Ikren, Samdi 19 Novanm 2022.

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik (AIEI) fè konnen li gen plan fè enspeksyon jodi lendi a nan izin nikleyè Zaporizhzhia nan Ikrèn apre ke 2 jou bonbadman nan zòn nan te renouvle kè-sote sou yon posib dezas nan izin nan.

Nan dènye seri atak yo toupre pi gran izin nikleyè ann Ewòp la te gen sa ki, dapre ajans la, sete plis pase yon douzèn eksplozyon dimanch la.

« Malgre pa te gen okenn efè direkteman sou sekirite nikleyè ak sistèm sekirite izin nan, bonbadman yo te fèt vrèman pre sistèm sa yo. N ap pale de mèt, pa kilomèt distans, » se pawòl Direktè Jeneral AIEA Rafael Grossi.

Ikrèn ak LaRisi len akize lòt plizyè fwa pou bonbadman ki fèt nan Izin Nikleyè Zaporizhzhia depi LaRisi te lanse envazyon li nan Ikrèn nan finisman mwa Fevriye a.

Yon pòtpawòl Kremlen an di jounalis yo jodi lendi a lòt peyi nan rejyon an dwe sèvi ak enfliyans yo pou ede mete fen nan atak nan zòn izin nan.

XS
SM
MD
LG