Accessibility links

Breaking News

Frap Ayeryen Larisi Touche Seksyon Matènite yon Lopital nan Sid Ikrèn


Foto sa a ke Lapolis Rejyonal Kyev pataje ak lapres montre moun kap pote yon kadav nan yon zon Larisi frape nan Ikren, 23 Nov. 2022.
Foto sa a ke Lapolis Rejyonal Kyev pataje ak lapres montre moun kap pote yon kadav nan yon zon Larisi frape nan Ikren, 23 Nov. 2022.

Otorite nan Ikrèn fè konnen jodia frap aeryen LaRisi pandan lannwit la touche seksyon matènite nan yon lopital nan sid Ikrèn, kote yon ti bebe ki fèk fèt pèdi lavi pandan manman li blese.

Otorite yo fè konnen misil la detwi bilding 2 etaj la nan vil Vilniansk nan rejyon Zaporizhzhia.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy poste sou Telegram ke LaRisi “kontinye ap konbat sivil ak enstalasyon sivil.”

Pita, lidè Ikrèn nan byen akeyi aksyon Palman Ewòp la ki rekonèt LaRisi kòm “peyi ki patwone aktivite teworis.”

XS
SM
MD
LG