Accessibility links

Breaking News

Etranje ki Kouri Kite Ikrèn Kole Tèt Ansanm pou Ede Lòt Chape


Foto Achiv: Etidyan Nijeryan nan Ikren tann pou monte nan yon tren nan stasyon Lviv la, nan wes Ikren, 27 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Etidyan Nijeryan nan Ikren tann pou monte nan yon tren nan stasyon Lviv la, nan wes Ikren, 27 Fevriye 2022.

Moun ki soti Afrik, Azi ak Amerik Latin ki resi kouri kite Ikrèn fome pwop rezo pa yo pou ede dè milye lot moun ki gen espwa chape tou. Yo deside fè sa yo di, akoz diskriminasyon yo sibi lè yo te oblije jwenn mwayen poukont yo pou yo kite Ikrèn san okenn asistans.

Yon etidyan ki soti Nijerya di sete yon desizyon fasil pou li, lè li te sonje rasism ak menas vyolans li te sibi lè li tap pwoche frontyè a.

Alexander Somto Orah, 25 an di gad frontyè Ikrenyen yo te "separe Afriken yo ansanm ak Endyen yo ak rès moun yo e yo te dirije nou vè frontyè Woumani a on distans plizyè kilomèt," Orah esplike. "Yo te di nou si nou eseye fose antre, yo pral tire nou." Yon videyo etidyan an pataje ak Associated Press konfime konfwontasyon an.

La pèrèz ak veksasyon te inifye etidyan yo li di, apre yo te pase plizyè jou nan gwo fredi, kidonk yo te komanse pwoteste. "Nou leve men nou anlè e nou di yo nou se etidyan e nou vle tounen lakay nou," Orah di. Evantyèlman yo te jwenn pèmisyon pou yo travèse.

Kounyea etidyan an nan Poloy, e li retounen sou frontyè a plizyè fwa pou ede etranje kap debake.

Gen lot ki pataje konsèy sou rezo sosyal yo sou ki kote moun ka jwenn pwovizsyon dijans ak ki dokiman yo gen pou montre nan pos frontyè yo.
"Se konsèy de baz tan lagè," yon etidyan di.

Apepre 80,000 moun ki soti nan 138 peyi kouri kite Ikrèn, dapre Oganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon.

Kèk pami moun sa yo di yo te anpeche yo gen aksè ak abri kont bonm, transpo piblik e menm konsila peyi yo nan peyi vwazen. Rapote Espesyal Nasyonzini an deklare Jedi konpotman rasis sa a se yon menas pou lavi moun sa yo.

Ojonugwa Zakari, 21 an, tap etidye medsin. Li se moun Nijerya e li di gen dè santèn etranje ki rete bloke nan vil Sumy, o nodès Ikrèn. Yo leve ak son atak kont vil la, e kounyea telefon moun sa yo chaje ak konsèy sou kijan pou yo chape. Pami konsèy sa yo gen nimewo telefon moun ki emab ki ka ede yo travèse frontyè a.

Gouvènman Ikrenyen an reponn akizasyon diskriminasyon kont etranje yo fas ak kritik piman bouk.

"Afriken kap chache evakye se zanmi nou e yo dwe gen opotinite egal ego pou retounen lakay yo an sekirite," Minis Afè Etranje Ikrenyen an Dmytro Kuleba deklare sou Twitter Mèkredi. Apre sa li te pataje yon nimewo telefon espesyal sou Twitter kote li di Afriken, Azyatik ak lot etidyan ki vle kite peyi a ka rele.

Nan yon espas 12 zè'd tan, tweet ak nimewo telefon nan te pataje plis pase 21,000 fwa. Men Jedi, lè AP rele li, pèson pat reponn.

Etidyan ki gen kè sote yo kreye yon gwoup sou WhatsApp ak Telegram pou Afriken, Brezilyen ak lot peyi ki gen yon pakèt sitwayen kap eseye pati. Gen lot platfom ki ofri asistans finansye e menm asistans swen sante mantal.

Faith Chemari di li ede plis pase 50 etidyan Zimbabweyen kowodine vwayaj pa otobis pou al Poloy.

"Mwen mete etidyan yo nan gwoup, gason yo pati an premye pou yo te ka di nou kijan vwayaj la te ye epi si rès etidyan yo te ka pran wout la an sekirite," li di.

Apre li te pase nwit la nan yon stasyon tren nan vil Ikrenyèn Lviv ki sitye nan wès peyi a, etidyan Nijeryan Sanusi Salihu te bezwen manje ak abri dijans. Li jwen tou le 2 gras ak yon moun li te rankontre yon ti tan apre li te rive Slovaki.

"Nou 7 ap viv kay misye," Salihu di. "Li mennen nou pran dejene e li byen janti ak nou."

Kounyea, Salihu tou ap fè sa li kapab kote li ye kounyea an sekirite pou'l voye mesaj bay etranje ki toujou bloke Ikèn yo.

XS
SM
MD
LG