Accessibility links

Breaking News

TikTok Sispann Videyo ak Livestream nan La Risi


Foto Achiv: Logo TikTok la.
Foto Achiv: Logo TikTok la.

TikTok anonse abone li yo ki nan peyi Larisi Dimanch ke yo pap kapab pibliye nouvo videyo. Konpayi a di li pran mezi sa a pou reponn mezi sere boulon gouvènman Ris la enpoze sou rezo sosyal yo.

"Pa rapò ak nouvo lwa 'fo nouvel' La Risi a nou pa gen okenn lot chwa eksepte pou'n sispann difizyon an dirèk ak nouvo kontni sèvis videyo nou, pandan nap revize enplikasyon pou sekirite lwa sa a genyen," konpayi an fè konnen sou kont ofisyèl Twitter li. "Sèvis mesaj app TikTok la pap afekte pa mezi sa yo".

Prezidan Ris la, Vladimir Putin te entansifye Vandredi baboukèt li kont rezo medya yo ak moun ki pa respekte nouvèl Kremlen an ap difize sou lagè lap mennen nan Ikrèn nan. Se konsa La Risi bloke Facebook ak Twitter epi siyen yon lwa ki mete pèn prizon pou moun ki fè ekspre pwopaje nouvèl Moskou deziye kom "fake" news, fo nouvèl.

TikTok fè pati gwo konpayi teknoloji Chinwaz ki rele ByteDance la.

XS
SM
MD
LG