Accessibility links

Breaking News

Putin Patwone yon Lwa ki Prevwa 15 Zan Prizon pou Moun K ap Simaye Enfo Kontrè ak Leta sou Ikrèn


Foto Achiv: Afich BBC (British Broadcasting Corporation) devan katye jeneral li nan Lond.
Foto Achiv: Afich BBC (British Broadcasting Corporation) devan katye jeneral li nan Lond.

Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, patwone yon lejislasyon ki prevwa yon tou prizon 15 zan pou tout moun k ap simaye enfòmasyon ki kontrè ak jan gouvènman an prezante lagè a nan Ikrèn. Lejislasyon an, ki kondane tout piblikasyon entansyonèl sa gouvènman ris la rele “fake news”, ou “fo nouvel” sou lagè a, jwenn rapidman yon vòt “j’approuve” nan tou le 2 chanm palman an.

Plizyè fwa deja, otorite Larisi yo pretann ke kèk repòtaj ki te pale de defèt sòlda ris yo oubyen de kantite sivil ki te mouri nan Ikrèn, sete “fake news.”

Lè près gouvènmantal la ap pale de lagè a, li toujou di se ”yon operasyon militè espesyal.” Nan jounen vandredi a, Sèvis Kominikasyon Ris la deside bloke Facebook avèk 5 lòt òganizasyon medyatik poutèt yo ta pibliye “fo nouvèl” sou lagè a.

XS
SM
MD
LG