Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Premye Minis Israelyen an Pale ak Putin nan Telefòn

Premye Minis Israelyen an Naftali Bennett pandan yon reyinyon kabine a nan biwo Premye Minis la nan vil Jerusalem, Dimanch 6 Mas 2022.
Premye Minis Israelyen an Naftali Bennett pandan yon reyinyon kabine a nan biwo Premye Minis la nan vil Jerusalem, Dimanch 6 Mas 2022.

JERUSALEM - Premye Minis Israelyen an pale Dimanch nan telefòn ak Prezidan Ris la Vladimir Putin, yon jou apre yon vizit brid sou kou li te fè nan Moskou pou diskite sou envazyon Ikrèn nan ki ap dewoule depi plis pase yon semèn.

Naftali Bennett pale tou ak Chanselye Alman an, Olaf Scholz, ke li te vizite nan Berlin Samdi tou, epi Prezidan Franse a, Emmanuel Macron, bwi prezidans la fè konnen.

Bennett pale nan telefon plizyè fwa ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy tou - pi resaman Dimanch maten - nan kad jefo diplomatik lap fè pou aji kom medyatè nan batay ant Ikrèm ak La Risi apre plis pase yon semèn.

Met sou sa, minis afè etranje Iraelyen an Yair Lapid pral pran avyon pou Riga, peyi Letoni Lendi, kote li va rankontre Sekretè d'Eta Ameriken an, Antony Blinken, Ministè Afè Etranjè a di.

Pandan Israel kondane envazyon Ris la, li pa pran mezi ki taka vekse Moskou, pou anpeche mete an danje kowoperasyon militè 2 peyi yo nan La Siri.

See all News Updates of the Day

Fòs Izrayelyen yo Ogmante Prezans yo nan Rafah

Fòs Izrayelyen yo Ogmante Prezans yo nan Rafah
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:11 0:00

Prezans solda izrayelyen nan vil rafah enkyete yon responsab wo plase Nasyonzini. Militè Izrayelyen yo toujou ap chèche militan Hamas yo nan vil la

Ajans l-ONU Fè Konnen Preske 450.000 Moun kite vil Rafah Palafòs

Palestinians flee Rafah after Israeli forces launched a ground and air operation in the eastern part of the southern Gaza city
Palestinians flee Rafah after Israeli forces launched a ground and air operation in the eastern part of the southern Gaza city

Ajans l-ONU pou Refijye palestinyen an yo fè konnen jodi lendi a li estime ke preske 450.000 moun kite vil Rafah nan sid Gaza palafòs nan semenn ki pase a pandan fòs izraelyen yo ap pouse pou antre nan zonn nan.

Plis pase mwatye nan popilasyon Gaza a te pran refij nan Rafah, lè anpil Palestinyen te ale lòt bò a nan kouri pou lagè Izrayèl-Hamas la nan lòt pati nan Gaza.

“Moun yo ap fè fas ak gwo fatig, grangou ak laperèz. Okenn kote pa gen sekirite. Yon kanpo touswit nan batay-yo se sèl sa ki ka bay espwa,” se sa ki di nan yon deklarasyon Ajans l-ONU pou Sekou ak Travay pou Refijye Palestinyen nan Pwòch Oryan an.

Komite Entènasyonal LaKwa Wouj anonse jodi madi a ouvèti yon lopital 60 kabann nan Rafah.

Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza

 Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:17 0:00

Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.

Lagè Izrayèl nan Gaza: Elèv Nan Inivèsite Duke Moutre Opozisyon Yo nan Yon Seremoni Gradyasyon

CORRECTION Israel Palestinians Campus Protests
CORRECTION Israel Palestinians Campus Protests

Yon ti gwoup gradye nan Inivèsite Duke nan Kawolin di Nò te moutre opozisyon yo kont pawol komedyen ki anfavè Izrayèl, Jerry Seinfeld, nan seremoni gradyasyon inivèsite a yè dimanch swa, kote apeprè 30 sou 7.000 etidyan te leve kite chèz yo e chante “libere Palestin” pandan etidyan t ap rele chalbari dèyè Seinfeld, pandan gen lòt ki t ap bat bravo.

Kèk etidyan te leve drapo wouj, vè, nwa ak blan palestinyen an. Seinfeld, ki te fè non li pandan yon dizèn lane te tounen youn nan komedyen ki pi popilè nan istwa televizyon Etazini. Li kontinye rale anpil fanatik nan video espesyal li sou Netflix ak pwogram televizyon li tankou « Komedyen nan Oto ki ap Pran Kafe, » e li te prezan nan seremoni gradyasyon an pou resevwa yon doktora onorifik nan inivèsite a.

Li sipòte Izrael an piblik depi lè lame a te anvayi Gaza pou pini Hamas apre gwoup la te atake Izrael 7 Oktòb pase.

Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza

TOPSHOT - Boys watch smoke billowing during Israeli strikes east of Rafah in the southern Gaza Strip on May 13, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by AFP)
TOPSHOT - Boys watch smoke billowing during Israeli strikes east of Rafah in the southern Gaza Strip on May 13, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by AFP)

Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.

Temwen rapòte batay nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, e yon pati nan twoup izraelyen yo tounen pou goumen kont sa lame a di ki se yon efò Hamas pou li re-òganize fòs li.

Kèk rezidan rapòte tou plis frap aeryen ak plis atak atè nan Rafah, toupre fwontyè ak Ejip.

Depatman Deta ameriken di ayè dimanch swa ke Sekretè Deta Antony Blinken te diskite sou “opozisyon Etazini kont yon gwo operasyon militè atè nan Rafah” lè li te pale nan telefòn ak Minis Defans Izraelyen Yoav Gallant.

Apeprè 300.000 sou 1.300.000 Palestinyen ki te al refijye nan Rafah resevwa lòd pou yo evakye ankò.

Load more

XS
SM
MD
LG