Accessibility links

Breaking News

364 Sivil Mouri nan Envazyon Ikrèn nan, Biwo Dwa Moun Nasyonzini Anonse


Marina Yatsko, a goch, kouri deye menaj li, Fedor, k ap pote pitit gason ni Kirill ki gen 18 mwa, ki mouri nan yon atak La Risi nan vil Mariupol, Ikren, 4 Mas 2022.
Marina Yatsko, a goch, kouri deye menaj li, Fedor, k ap pote pitit gason ni Kirill ki gen 18 mwa, ki mouri nan yon atak La Risi nan vil Mariupol, Ikren, 4 Mas 2022.

BERLIN - Biwo Dwa Moun Nasyonzini konfime gen 364 sivil ki pèdi lavi yo nan Ikrèn depi envazyon an te komanse 24 Fevriye.

Biwo a, ki gen katye jeneral li nan vil Jenèv, di gen yon lot 759 sivil ki blese dapre done yo resevwa a minwi Samdi.

Biwo a sèvi ak yon metod trè patikilye pou fè rapo li, e li bay chif sèlman ke li verifye.

Li di li kwè vre chif la pi wo pase sa "sitou nan teritwa gouvènman an kontwole nan jou ki sot pase yo." Yo di sa paske enfomasyon kap soti nan zon sa a ralanti anpil nan moman gen gwo batay kap dewoule, e li gen difikilte pou verifye done li resevwa yo.

Otorite Ikrenyen yo prezante chif ki pi wo pase sa.

XS
SM
MD
LG